Skip to main content
Facebook
Instagram

Aplikasyon kat bibliyotèk

Aplikasyon kat bibliyotèk

Aplikasyon kat bibliyotèk

 

Nenpòt moun k ap viv nan Distri Bibliyotèk Uniondale la (Uniondale Library District), k ap travay la, oswa ki gen yon pwopriyete nan zòn nan, li gen dwa gen yon kat aksè nan limit respè prensip fonksyònman bibliyotèk la. Ou kapab fè aplikasyon pouk kat bibliyotèk la pèsonèlman, dirèkteman nan biwo a, osnon sou entènèt. Pote nan yon fòm idantifikasyon ki montre non ou ak adrès ou ki endike w ap viv nan Distri Bibliyotèk Uniondale la (Uniondale Library District). 

Pyès idantifikasyon Bibliyotèk la asepte se:

  • Lisans chofè ki valid
  • Fakti (bil) taks sou pwopriyete, oswa kontra lokasyon kay
  • Fakti (bil) pou sèvis piblik

* Dat fakti yo ak dat bil yo pa dwe depase 30 jou

Pyès idantifikasyon Bibliyotèk la pou Kat Koutwazi pou Etidyan (K-12) se:

  • Bilten nòt
  • Kat lekòl la
  • Pas pou otobis
  • Fich enskripsyon lekòl

Etidyan yo ap genyen pou yo bay prèv y ap swiv kou nan yon lekòl.  Objektif kat se ede etidyan ki gen devwa pou yo fè pou lekòl yo.  Sa vle di, kat la pa ka ranplase yon kat bibliyotèk sèvis konplè etidyan an ta dwe jwenn nan bibliyotèk ki nan distri kote l ap viv la.